Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou repo a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.” Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo. Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Li Mak 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mak 3:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo