Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? Poukisa n ap bay tèt nou traka kon sa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!
Li Mat 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 6:25-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo