Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou. Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l. Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès anmenmtan.
Li Mat 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 6:19-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo