Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w. Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? Konsa, men sa m ap di ou: bonte ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.
Li Mat 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 5:43-48
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo