Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.
Li Mat 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 3:7-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo