Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye? Tout sè l yo toujou rete nan zòn nan, pa vre? Kòman l fè ka fè tout bagay sa yo? Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi. Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.” Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.
Li Mat 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Mat 13:53-58
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo