Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a. Li te wè de bato bò lak la. Bato yo te vid paske pechè yo t ap lave filè yo. Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la. Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.”
Li Lik 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 5:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo