Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.” Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.” Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.” Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”
Li Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:66-71
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo