Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”
Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”
Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre. Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”
Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”
Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. Nou menm n ap fè travay papa nou.”
Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”
Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.
Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”
Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”
Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m. Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije. An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”