Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l. Se move dezi sa a ki pran nesans nan moun nan epi fè l komèt peche a. Peche a menm grandi epi li mennen nan lanmò.
Li Jak 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jak 1:12-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo