Lafwa se yon konviksyon sa nou espere a ap rive toutbon vre. Se yon asirans sa nou pa wè a li egziste toutbon vre. Kèk moun ki te viv nan tan lontan te fè kè Bondye kontan paske yo te gen kalite lafwa sa. Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou. Abèl te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè l te ofri yon pi bon sakrifis pase Kayen. Bondye te pran plezi nan sa Abèl te ofri ba li a. Konsa, li temwanye Abèl se yon nonm ki fè sa Bondye vle. Abèl mouri se vre, men poutèt lafwa li, se kòmsi li toujou ap pale. Enòk te gen lafwa nan Bondye. Se sa ki fè Bondye te pran l pou ale viv ansanm avè l, san l pa pase pa lanmò. Lè moun t ap chache l, yo pa t ka jwenn li, paske Bondye te pran l bò kote l. Bib la bay prèv Enòk te fè Bondye plezi. Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.
Li Ebre 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 11:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo