Poutan, lè Bondye te pou chwazi pou voye premye pitit gason l lan nan mond lan, li di: “Se pou tout zanj Bondye yo adore Pitit la.” Men sa li di pou zanj yo: “Li fè zanj li yo tounen van Li fè sèvitè l yo tounen flanm dife.” Poutan, men sa li di pou Pitit la: “Bondye, wayòm ou an ap dire pou letènite. Ou sèvi ak otorite w pou bay jistis. Ou renmen sa ki dwat, ou rayi sa ki mal. Se sa k fè Bondye, Bondye w la mete w apa, li ba w plis kè kontan ak plis onè pase tout lòt kanmarad ou yo.” Men sa Bondye di ankò: “O SENYÈ a, ou kreye latè nan kòmansman, ou fè syèl la avèk men w. Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la. Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad. Ou gen pou w plwaye yo tankou yon manto, ou gen pou w chanje yo menm jan moun chanje rad. Men ou menm, ou p ap janm chanje, epi lavi w p ap janm fin i.” Bondye pa janm di okenn nan zanj yo: “Chita adwat mwen, nan plas donè a jouktan m va fè lènmi w yo tonbe anba pouvwa w.” Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.
Li Ebre 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ebre 1:6-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo