Estè pale ak wa a ankò. Li mete ajenou nan pye l epi li tonbe kriye pou mande l pou defèt plan mechanste Aman, ki soti nan ras Agag la, te fè kont Jwif yo. Wa a lonje baton lò a bay Estè. Li leve kanpe devan wa a. Li di: “Wa pa m nan, si m fè w plezi epi si m jwenn favè devan w, si sa fè wa a m plezi, m ap mande ou tanpri, ekri yon lèt voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan pou pase lòd kanpe masak Aman, pitit Amedata a ki soti nan ras fanmi Agag la, te deja pase lòd pou fè sou Jwif yo. Mwen p ap ka pote chaj sa pou m wè y ap touye pwòp fanmi m.” Wa Asyeris reponn rèn Estè ak Madoche, Jwif la: “Paske Aman atake Jwif yo, poutèt sa, mwen bay Estè tout sa li te posede. Sèvitè m yo deja pann li sou pote li te prepare a. Kounye a, mwen ba ou otorite pou ou ekri nan non m nenpòt lòd ou panse k ap an favè Jwif yo. M ap siyen lèt la ak bag mwen. Mwen vle ou sonje tou, nenpòt lèt ki ekri sou lòd wa a epi ki sele ak bag li pa ka chanje.”
Li Estè 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 8:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo