Wa Asyeris ak tout Aman te ale nan festen rèn Estè a. Pandan yo t ap bwè diven nan dezyèm jou fèt la, wa te mande Estè yon fwa ankò: “Kounye rèn Estè, kisa ou vle menm? Sèlman di m epi m ap ba ou l, menm si se mwatye nan wayòm nan.” Rèn Estè reponn: “Wa mwen, si m fè w plezi, epi si sa ta fè wa a plezi toutbonvre pou ou ta ban mwen nenpòt sa m ta mande, tanpri, pwoteje lavi m epi pwoteje lavi pèp mwen an, se sa m ap mande w. Mwen mande sa, paske gen yon moun ki ofri lajan pou detwi, touye ak disparèt totalman mwen menm ak tout pèp mwen an. Si yo ta vle sèlman vann nou kòm esklav, mwen t ap pe bouch mwen epi mwen pa t ap deranje wa a pou yon ti pwoblèm konsa.” Wa Asyeris mande rèn Estè: “Kilès ki dèyè konplo sa a? Kote moun ki pèmèt li fè yon bagay kon sa a?” Estè reponn: “Lènmi nou an, moun ki kont nou an, mechan an se Aman wi.” Lè sa a, Aman pran tranble ak laperèz devan wa a ak rèn nan.
Li Estè 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 7:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo