Estè 7:1-10

Estè 7:1-10 VKF

Wa Asyeris ak tout Aman te ale nan festen rèn Estè a. Pandan yo t ap bwè diven nan dezyèm jou fèt la, wa te mande Estè yon fwa ankò: “Kounye rèn Estè, kisa ou vle menm? Sèlman di m epi m ap ba ou l, menm si se mwatye nan wayòm nan.” Rèn Estè reponn: “Wa mwen, si m fè w plezi, epi si sa ta fè wa a plezi toutbonvre pou ou ta ban mwen nenpòt sa m ta mande, tanpri, pwoteje lavi m epi pwoteje lavi pèp mwen an, se sa m ap mande w. Mwen mande sa, paske gen yon moun ki ofri lajan pou detwi, touye ak disparèt totalman mwen menm ak tout pèp mwen an. Si yo ta vle sèlman vann nou kòm esklav, mwen t ap pe bouch mwen epi mwen pa t ap deranje wa a pou yon ti pwoblèm konsa.” Wa Asyeris mande rèn Estè: “Kilès ki dèyè konplo sa a? Kote moun ki pèmèt li fè yon bagay kon sa a?” Estè reponn: “Lènmi nou an, moun ki kont nou an, mechan an se Aman wi.” Lè sa a, Aman pran tranble ak laperèz devan wa a ak rèn nan. Wa a pete yon gwo kout kòlè epi li leve kanpe. Li kite diven li t ap bwè a epi l al nan jaden palè a. Aman konprann wa a deja pran desizyon pou touye l. Alò, li rete nan sal la pou mande rèn Estè sove lavi l. Li lage kò l sou kabann kote rèn Estè te ye a pou l mande l gen pitye pou li. Nan menm moman sa a, wa a soti nan jaden an epi li retounen nan sal la. Lè li wè Aman bò kote rèn nan, li rele byen fò: “Apa ou vin fè vyolans sou rèn nan, la nan palè a, la devan je m?” Kon wa a fin di sa, sèvitè l yo antre, yo pran Aman epi yo mete yon sak nan tèt li. Lè sa a, Abona, youn nan enik wa yo, di konsa: “Aman te deja fè prepare yon poto ki mezire 75 pye wotè tou prè lakay li pou l fè pann Madoche. Madoche, nonm ki te sove lavi ou la lè li te devwale konplo yo te fè pou touye w la.” Wa a di: “Pann Aman nan menm platfòm nan.” Alò, yo pann Aman sou menm poto li te prepare pou Madoche a. Apre sa, wa a kalme li.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Estè 7:1-10