Estè 1

1
Festen wa Asyeris la
1Istwa sa a te pase nan epòk Asyeris#1:1 Asyeris Se menm wa sa ki pote non Sèsès I. Li se pitit wa Dariyis. Li te gouvène peyi Pès soti nan lanne 485–465 AV.JK. te wa sou teritwa yo te rele Pès la. Wa Asyeris t ap renye sou 127 pwovens ki soti depi Peyi Lend pou rive peyi Etyopi.
2Wa Asyeris t ap viv nan palè li ki te tabli nan sitadèl la nan lavil Souz. Se te kapital wayòm Pès la.
3Nan twazyèm ane reny li,#1:3 twazyèm ane reny li Vè lane 483 AV.JK. Asyeris te òganize yon gwo festen pou tout ofisye ak lidè li yo ki te nan wayòm nan. Li envite tout kòmandan lame peyi Mèd ak Pès yo. Tout minis ak tout gwo fonksyonè ki nan pwovens yo te la tou.
4Festen an te dire 180 jou. Wa Asyeris te pran tout tan an pou l fè wè tout pakèt richès li genyen nan wayòm nan ak tout lòt bèl bagay ki te anba kontwòl li, ki te fè laglwa li.
5Apre sa, wa a te òganize yon lòt festen, nan yon lakou devan palè a ki te antoure ak jaden. Fèt sa a te dire 7 jou. Wa a te envite tout moun ki t ap viv nan sitadèl la, nan Souz, kapital la, kit li yon moun enpòtan kit li pa t yon moun enpòtan. 6Lakou a te dekore ak rido ki fèt ak twal len koulè blan ak ble. Yo te pandye yo nan riban ki fèt ak twal len koulè blan oubyen twal lenn koulè vyolèt. Riban yo te mare nan bag an ajan yo ki monte sou ki fèt an mab. Te gen nan lakou a plizyè plas pou moun chita ki te fèt ak lajan ak lò. Lakou a menm te pave ak wòch koute chè, yo te byen poli epi ak plizyè koulè an mab. 7Sèvitè wa yo te sèvi tout envite yo diven nan bèl gode an lò. Chak gode te diferan parapò ak lòt yo. Wa a te bay anpil diven, kon sa te genyen an kantite pou tout moun. 8Wa a te pase sèvitè yo lòd pou kite envite yo bwè kantite diven yo vle.
Rèn Vasti dezobeyi wa Asyeris
9Nan menm moman an, Rèn Vasti tou te òganize yon festen pou fanm yo ki te nan palè wa Asyeris la.
10Sou setyèm jou festen an, wa Asyeris te kontan anpil akoz li te bwè anpil diven. Li te rele sèt enik#1:10 enik Yon gason ki pa t nan zafè relasyon seksyèl ak lòt moun, fi kon gason. Gen 3 kategori enik: 1. Gason ki fèt san yo pa janm gen lide pou al nan zafè fi; 2. Gason ki aksepte kon sa pou yo ka sèvi Bondye pi byen; 3. Gason yo wete sèks yo, sa vle di yo chatre yo tankou yon bèt. Wa yo te konn fè enik yo anpil konfyans. Yo te konn ba yo fè sèvis domestik ak politik. ki te sèvitè pèsonèl, Mewouman, Bizta, Abona, Bigta, Abagta, Zeta ak Kakas. 11Li pase mesye yo lòd pou al chache rèn Vasti mennen ba li ak tout kouwòn wayal li sou tèt li. Rèn Vasti te yon fanm ki bèl anpil. Wa a te vle montre pèp la ansanm ak ofisye yo kijan rèn nan bèl.
12Lè enik yo fè rèn Vasti konnen lòd wa a te bay, li te refize ale. Sa te fè wa a fache anpil. Li te fè anpil kòlè. 13Jan sa te toujou fèt nan wayòm nan, wa Asyeris mande konseye l yo ki sa pou l ta fè nan zafè sa a. Mesye sa yo se te ekspè nan lalwa peyi a ansanm ak koutim wa yo. 14Pami konseye wa a te pi fè konfyans yo, te gen Kachna, Cheta, Admata, Tasis, Merès, Masena ak Memoukan. 7 ofisye peyi Pès ak peyi Mèd sa yo te gen privilèj pou y ale devan wa a nenpòt lè. 15Wa a di mesye yo: “Dapre lalwa, kisa m dwe fè larèn Vasti? Li refize obeyi lòd mwen te bay enik mwen yo pou ba li.”
16Pandan lòt ofisye yo t ap koute, Memoukan reponn wa a konsa: “Rèn Vasti pa fè yon bagay ki mal anpil kont wa a sèlman, men se tout ofisye yo ak tout pèp la ki gaye nan tout pwovens yo nan wayòm Asyeris la li manke dega. 17Mwen di sa paske tout fanm nan peyi a p ap gen okenn respè ankò pou mari yo lè yo tande sa Rèn Vasti fè. Yo va di: Wa Asyeris te voye chache rèn Vasti, li pa t vini. 18A pati jodi a menm, madanm tout gwo chèf nan peyi Mèd ak Pès yo pral konnen sa rèn nan fè a, epi y ap fè menm jan an tou. Yo p ap respekte mari yo. Konsa, manke respè sa a pral fè mari yo fache anpil.
19Alò, si sa fè wa a plèzi, men sa m pwopoze. Se pou w pran yon dekrè wayal pou ajoute yon lwa ki p ap ka chanje, nan liv lalwa Mèd ak Pès yo. Men sa pou lwa sa di: Rèn Vasti pa dwe janm prezante devan wa Asyeris ankò. Lè sa a, wa a va chwazi yon lòt rèn ki pi diy pou ranplase rèn Vasti. 20Konsa, lè lwa sa a va pibliye nan tout gwo wayòm ou a, tout madanm yo pral montre yo respekte mari yo, kit li rich kit li pòv.”
21Wa a ak tout lòt gwo chèf yo te renmen konsèy Memoukan an. Wa Asyeris tou fè sa Memoukan te di a. 22Wa Asyeris te mande pou pibliye yon nouvo lwa nan yon lèt li voye nan tout pwovens ki nan wayòm nan. Yo te ekri lwa sa a nan tout lank moun yo te pale ak ekri. Nan lèt sa a, yo te fè konnen chak gason se chèf madanm li ak pitit li. Sa li te di, se sa ki te dwe fèt lakay li.

Chwazi Kounye ya:

Estè 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an