Estè 1:1-9

Estè 1:1-9 VKF

Istwa sa a te pase nan epòk Asyeris te wa sou teritwa yo te rele Pès la. Wa Asyeris t ap renye sou 127 pwovens ki soti depi Peyi Lend pou rive peyi Etyopi. Wa Asyeris t ap viv nan palè li ki te tabli nan sitadèl la nan lavil Souz. Se te kapital wayòm Pès la. Nan twazyèm ane reny li, Asyeris te òganize yon gwo festen pou tout ofisye ak lidè li yo ki te nan wayòm nan. Li envite tout kòmandan lame peyi Mèd ak Pès yo. Tout minis ak tout gwo fonksyonè ki nan pwovens yo te la tou. Festen an te dire 180 jou. Wa Asyeris te pran tout tan an pou l fè wè tout pakèt richès li genyen nan wayòm nan ak tout lòt bèl bagay ki te anba kontwòl li, ki te fè laglwa li. Apre sa, wa a te òganize yon lòt festen, nan yon lakou devan palè a ki te antoure ak jaden. Fèt sa a te dire 7 jou. Wa a te envite tout moun ki t ap viv nan sitadèl la, nan Souz, kapital la, kit li yon moun enpòtan kit li pa t yon moun enpòtan. Lakou a te dekore ak rido ki fèt ak twal len koulè blan ak ble. Yo te pandye yo nan riban ki fèt ak twal len koulè blan oubyen twal lenn koulè vyolèt. Riban yo te mare nan bag an ajan yo ki monte sou ki fèt an mab. Te gen nan lakou a plizyè plas pou moun chita ki te fèt ak lajan ak lò. Lakou a menm te pave ak wòch koute chè, yo te byen poli epi ak plizyè koulè an mab. Sèvitè wa yo te sèvi tout envite yo diven nan bèl gode an lò. Chak gode te diferan parapò ak lòt yo. Wa a te bay anpil diven, kon sa te genyen an kantite pou tout moun. Wa a te pase sèvitè yo lòd pou kite envite yo bwè kantite diven yo vle. Nan menm moman an, Rèn Vasti tou te òganize yon festen pou fanm yo ki te nan palè wa Asyeris la.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Estè 1:1-9