Pèsonn pa kapab wè Bondye, men se pitit la sèlman yo ka wè, ki menm jan ak Bondye nan tout pwen. Se li k ap gouvène tout kreyasyon an, kòm premye pitit gason li. Se ak puisans Pitit la Bondye te kreye tout bagay ki egziste, kit sa ki nan syèl moun pa ka wè, kit sa ki sou latè moun ka wè, wa yo, gwo chèf yo, pouvwa yo, otorite yo, tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la, epi pou Pitit la. Pitit la te la anvan tout bagay te kreye. Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste. Li se tèt legliz la ki se kò a. Li se kòmansman tout bagay. Li se premye pami moun ki gen pou leve soti vivan nan lanmò. Sa fè se li ki gen premye plas epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.
Li Kol 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kol 1:15-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo