Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a: “Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa, li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye. Yo p ap janm pale de pitit pitit li, paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.” Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale kon sa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.
Li Trav 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 8:32-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo