Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.” Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik. Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.”
Li Trav 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Trav 8:26-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo