Trav 18:1-22

Trav 18:1-22 VKF

Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent. Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas. Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo. Chak saba, Pòl te toujou tanmen kèk bon diskisyon ak moun yo nan Sinagòg la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo ak Grèk yo tou. Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre. Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.” Apre sa, Pòl kite Sinagòg la epi l al lakay Tèsiyis Jistis, yon nonm ki te konn adore Bondye epi ki te rete tou kole ak Sinagòg la. Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm. Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la. Mwen menm mwen avè w. Pèsonn p ap ka mete men sou ou pou fè w mal, paske m gen anpil anpil moun nan vil sa a.” Konsa, Pòl pase ennan edmi ap anseye mesaj Bondye a nan mitan pèp la. Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal. Yo di Galyon konsa: “Nonm sa a ap pran tèt pèp la pou fè yo adore Bondye yon fason ki pa konfòm ak lalwa nou an.” Pòl t apral ouvè bouch li pou l pale, lè Galyon di Jwif yo: “M t ap pran tan pou m tande nou, nou menm Jwif yo, si plent nou an se te pou yon krim grav osinon yon lòt kalite dezagreman. Men, poutèt se bagay ki konsènen diskisyon sou mo, sou non moun, diskisyon sou lalwa nou an, se pou nou rezoud pwoblèm nou nou menm. Mwen, m pa vle antre nan jije bagay konsa.” Apre sa, li fè yo tout kite tribinal la. Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt. Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve ak Bondye yon. Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo. Yo mande Pòl pou l rete pase plis tan avèk yo, men li pa t vle rete. Pandan l ap kite yo, li di: “Si Bondye vle, m ap tounen vin wè nou.” Konsa, li pati kite Efèz nan batiman. Lè l rive Sezare, Pòl monte al vizite legliz la, apre sa, li desann Antyòch.