2 Tes 3

3
Priye pou nou
1Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. 2Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre.
3Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.#3:3 Malfèktè a Oubyen “mechan”. Gade nan Mat 6:13. 4Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. 5Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.
Tout moun dwe travay
6Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. 7Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. 8Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun. 9Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou. 10Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.”
11Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo. 12Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo. 13Men nou menm frè m ak sè m yo, pa janm bouke fè byen.
14Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont. 15Men piga trete moun nan tankou yon lènmi. Okontrè, egzòte l tankou yon frè.
Dènye rale
16Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout. 17Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se kon sa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se kon sa mwen ekri.
18Se pou gras Senyè Jezikris nou an avèk nou tout.

Chwazi Kounye ya:

2 Tes 3: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte