2 Tes 1

1
1Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè a.
2Se pou gras ak lapè Bondye, Papa nou, ak Jezikris Segnè a tonbe sou ou. 3Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou. 4Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.
Pòl ap pale sou jijman Bondye
5Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye. 6Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo. 7Epi se jistis, pou ou menm k ap soufri pou Bondye fè ou gen kè poze, se pa ou menm sèlman, men nou menm tou. Sa gen pou l rive lè SENYÈ Jezi va retounen sòti nan syèl la ak lame anj li yo. 8Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an. 9Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl. 10Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.
11Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen. 12Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.

Chwazi Kounye ya:

2 Tes 1: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte