Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo. Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo. Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou.
Li 2 Kor 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kor 11:23-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo