Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan. Se sa ou dwe egzije pou vèv yo, pou moun pa jwenn anyen pou repwoche yo. Si yon moun pa pran swen pwòp fanmi li, sitou paran pwòch li yo, se yon moun ki abandone lafwa, li pi mal pase yon payen. Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l. Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.
Li 1 Tim 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tim 5:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo