1 Tes 2

2
Travay Pòl nan Tesalonik
1Frè m ak sè m, nou tout nou ka temwanye sou rezilta pouvwa Bondye pami nou. 2Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik. 3Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn. 4Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.
5Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun. 6Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.
7Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè.#2:7 Men nou … dousè Plizyè kopi Grèk di “nou te vin tankou ti bebe”. Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete. 8Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou. 9Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
10Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. 11Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,#2:14 Jide Peyi Jwif yo kote Jezi t ap viv, anseye epi tou se kote Legliz te premye kòmanse. legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. 16Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.
Pòl te anvi vizite kretyen yo
17Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. 18Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. 19Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. 20Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.

Chwazi Kounye ya:

1 Tes 2: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an