Konsa se pou nou soumèt nou devan Bondye ki gen tout pouvwa a pou li menm li ka leve nou lè lè a va rive. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l ap pran swen nou. Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje. Pa lache bay Dyab la yon may, kenbe fèm nan lafwa nou. Sonje byen, frè ak sè nou yo toupatou nan lemonn sibi menm soufrans sa yo tou. Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid. Tout puisans se nan Bondye sa rete pou tout tan gen tan. Amèn.
Li 1 Pyè 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 5:6-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo