1 Pyè 2:9-19

1 Pyè 2:9-19 VKF

Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a. Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou. Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini. Soumèt nou anba tout otorite ki nan lemonn poutèt Senyè a. Obeyi wa a ki pi gwo otorite a. Obeyi chèf wa a mete tou pou pini moun k ap fè move bagay ak pou rekonpanse moun k ap fè bon bagay. Lè n fè byen, nou fèmen bouch moun sòt yo, pou yo pa ka di move bagay sou nou. Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye. Respekte tout moun. Renmen frè ak sè nou nan Kris la. Gen krentif pou Bondye, onore wa a. Nou menm esklav, mete nou pare pou n sèvi mèt nou. Fè sa avèk anpil respè. Obeyi bon mèt yo ak sa yo ki gen bon kè. Se pa yo sèlman pou n obeyi, obeyi mèt ki move yo tou. N ap sibi soufrans nou pa merite epi se paske nou vle rete fidèl pou Bondye. Si se konsa, se yon bon bagay.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Pyè 2:9-19