Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a. Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou. Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an. Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.
Li 1 Pyè 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 2:9-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo