1 Pyè 2:1-10

1 Pyè 2:1-10 VKF

Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay. Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove. Nou gentan goute jan Senyè a bon deja. Jezi, Senyè a, se wòch vivan an. Lemonn voye l jete, men se li menm Bondye chwazi kòm wòch ki gen plis valè a. Se poutèt sa, vin jwenn li. Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. Bib la di: “Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè, mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an. Moun ki mete konfyans yo nan li p ap janm wont.” Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo: “Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.” Pou moun sa yo, li se “yon wòch k ap fè moun fè bitay, yon wòch k ap fè moun tonbe.” Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo. Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a. Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.