Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen. Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou. Pwofèt yo te fouye anpil epi yo te eseye aprann anpil bagay sou delivrans sa a. Yo te pale anpil sou gras Bondye te pare pou nou an. Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa. Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a. Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen.
Li 1 Pyè 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 1:6-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo