Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye. Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou. Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm. Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo. Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt. Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen youn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.
Li 1 Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Jan 4:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo