Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a. Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon. Gen moun ki sèvi ak lò, lajan, lòt materio yo fè bijou, bwa oswa pay pou bati sou fondasyon an. Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun. Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li. Men si kay la boule, l ap pèdi salè travay li. Moun nan ap sove. Men l ap tankou moun ki chape dejistès anba dife. Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.
Li 1 Kor 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 3:9-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo