Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi. Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè. Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a. Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon.
Li 1 Kor 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 3:5-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo