Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la. Se ti lèt mwen te ba nou. Mwen pa t ba nou gwo manje, paske nou pa t ka sipòte gwo manje. Dayè, jouk jodi a, nou pa ko pare pou nou pran gwo manje. Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti. Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi.
Li 1 Kor 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 3:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo