1 Kor 2:6-16

1 Kor 2:6-16 VKF

Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. Men sa Bib la di: “Se bagay je pa janm wè, zòrèy pa janm tande, bagay moun pa ko menm imajine sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.” Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye. Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye. Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen. Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a. Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. Paske Bib la di

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Kor 2:6-16