Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy. Lanmou pa brital, ni li pa egoyis. Lanmou pa fache fasil. Lanmou pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l. Lanmou pa janm kontan lè gen enjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt aklè. Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone. Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal.
Li 1 Kor 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 13:4-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo