Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè. Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye. Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo. Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”
Li 1 Kor 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kor 1:26-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo