Sofoni 3

3
Moun lavil Jerizalèm ap fè sa ki mal
1Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire #Jer 6.6 kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y'ap peze moun parèy yo. 2Yo #Jer 5.3 pat koute Senyè a. Yo pat pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pat mete konfyans yo nan Senyè a ankò, yo pat vin mande Bondye yo a konsèy ankò. 3Nan #Eze 22.27 lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki sòti apre solèy kouche. Yo sitèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten. 4Pwofèt #Eze 22.26 yo pa serye. Pèsonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle. 5Men #Jer 12.1; Oze 6.5 Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
6Senyè a #Sof 2.4-15; Zak 7.14 di:
— Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo. 7Mwen #Mi 7.3 te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. #3.7: Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase: Osinon dapre tèks ebre a: Kay yo pa ta janm detwi, m pa ta bezwen pini yo jan m te di l la. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.
8Senyè a #Jowèl 3.2; Aba 2.3; Sof 1.18 di:
— Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m fè yo santi jan m fache, jan m ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.
9#Eza 6.5; 19.18 sa a, m'a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m. 10Moun #Sòm 68.31 ap sòti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letyopi yo, y'ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y'ap pote ofrann yo ban mwen. 11Jou #Eza 2.11; Mal 4.1; Mat 3.9 sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an. #3.11: mòn ki apa pou mwen an: Ki vle di Mòn Siyon an. 12Men, #Eza 14.32 moun m'a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y'a vin chache pwoteksyon. 13Ti #Eza 60.21; Mi 5.4; Rev 14.5 ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
Fè kè ou kontan, Jerizalèm!
14Nou #Eza 12.6; 54.1; Zak 9.9 menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan!
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt!
Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
15Senyè a #Sòm 46.5; Zak 2.10; Mat 27.42; Jan 1.49; Rev 21.3 wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo.
Li bale tout lènmi nou yo ale.
Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou.
Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
16Jou #Eza 35.3 sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo:
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè.
Pa dekouraje!
17Senyè a, #Eza 62.5 Bondye nou an, la nan mitan nou!
Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou.
Li kontan wè sa n'ap fè.
L'ap mete ou kanpe ankò #3.17: L'ap mete ou kanpe ankò: Dapre vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay: L'ap rete bouch be. paske li renmen ou.
W'ap fè kè l kontan. L ap chante
18 # 3.18: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. tankou #Lam 1.4; 2.6 lè gen fèt:
Senyè a di:
— Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a.
Mwen wete wont ki te sou nou an.
19Jou #Eza 60.14; 61.7; Jer 13.11; Mi 4.6,7 sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo.
M'a sove moun k'ap bwete yo,
m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo.
Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont
mwen pral fè yo fè lwanj pou yo,
tout moun pral nonmen non yo.
20#Eze 11.17; Sof 2.7 sa a, m'a fè nou tounen lakay nou.
Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an.
M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou,
y'a nonmen non nou.
N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò.
Se Senyè a menm ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Sofoni 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte