Zakari 8

8
Bondye pwomèt mete Jerizalèm kanpe ankò
1Senyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesay sa a:
2— Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.
3Men #Eza 1.26; 2.3 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Senyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Senyè a.
4Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N'a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y'ap vye granmoun. 5Lari yo va plen ti gason ak ti fi k'ap jwe konsa toupatou.
6Men #Jen 18.14; Sòm 118.23 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete kounyeya nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Senyè a menm ki di sa. 7Men #Sòm 107.3; Eza 43.5 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k'ap delivre pèp mwen an, k'ap fè yo sòti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a. 8M'ap #Jer 4.2; 31.33 mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y'a pou mwen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm m'a Bondye yo. M'a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y'a fè sa m'a mande yo fè.
9Senyè #Esd 5.1,2; Aje 2.18 ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa:
— Pran kouray, nou menm k'ap tande kounyeya nan bouch pwofèt yo menm mesay Bondye te bay lè yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a pou rebati kay ki apa pou li a. 10Paske, anvan jou sa yo, pat gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pèsonn pat ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt. 11Men kounyeya, mwen pral aji yon lòt jan ak ti rès moun ki vivan toujou nan peyi a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. 12Y'a #Oze 2.21,22; Aje 1.10; 2.19 plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M'a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo. 13#8.13: Men yon lòt jan nou ta ka di vèsè sa a: Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan moun lòt nasyon yo sèvi ak non nou pou bay madichon, konsa tou y'a sèvi ak non nou pou bay benediksyon. Nou #Jen 12.2,3; Eza 43.28; 65.15 menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouray!
14Men #Det 9.7,8,22; Jer 31.28; 32.42 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:
— Lè zansèt nou yo te fè m fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m te pini yo. Mwen pat chanje lide. 15Konsa tou, kounyeya mwen pran desizyon pou m beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen. 16Men #Sòm 15.2; Ef 4.25 sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt. 17Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n'ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Senyè a menm ki di sa!
18Senyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l konsa:
19— Jèn #2 Wa 25.1; Jer 39.2 yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.
20Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:
— Yon lè gen pou rive moun va sòti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm. 21Moun #Zak 2.11; 7.2 va sòti nan yon lavil, y'a ale nan yon lòt, y'a di moun ki la yo: Ann al adore Senyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Senyè a pou mande l benediksyon. Ann ale non! 22Anpil moun ap sòti nan gran peyi, y'ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a. Y'ap vin lapriyè nan pye l pou mande l benediksyon. 23Wi, #1 Kor 14.25; Rev 5.9 men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap sòti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

Chwazi Kounye ya:

Zakari 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte