Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l leve. Li di m konsa: — Sa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch. Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Mèt, kisa bagay sa yo ye? Li reponn mwen: — Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: — Non, mèt! M pa konnen non! Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Li Zakari 4
Koute Zakari 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Zakari 4:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo