Zakari 4:1-10

Zakari 4:1-10 HAT98

Zanj ki t'ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m tankou yo souke yon moun k'ap dòmi pou fè l leve. Li di m konsa: — Sa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch. Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Mèt, kisa bagay sa yo ye? Li reponn mwen: — Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: — Non, mèt! M pa konnen non! Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l pou fè lento pòtay Tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li! Senyè a pale avè m ankò, li di m: — Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l fini l. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Senyè a, ki te voye ou bò kote yo. Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y'a kontan lè y'a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l!

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an