Zakari 1

1
PREMYE PATI LIV LA
(1—8)
Bondye mande pèp la tounen vin jwenn li
1Nan uityèm mwa dizyèm lanne reny wa #Esd 6.14; Ney 12.4,16; Aje 2.1,10 Dariyis, Senyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesay sa a pou pèp la. 2Li di li:
— Mwen menm Senyè a, mwen te fache anpil sou zansèt nou yo. 3Men #Eza 31.6; Jer 3.22; Mi 7.19; Mal 3.7 kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, men sa m voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a. 4Pa #2 Kwo 36.15,16; Sòm 78.8; Zak 7.11 fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a. 5Kote #Jòb 14.10; Jan 8.52 zansèt nou yo ye kounyeya? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri? 6Men, #Det 28.2,15; Eza 40.8; Lam 2.17; Eze 36.31; Da 9.6 sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la.
7Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis, vennkatriyèm jou nan onzyèm mwa a, mwa yo rele Cheba a, Senyè a bay pwofèt Zakari, pitit Berekya, pitit pitit Ido a, yon mesay. 8Men #Rev 6.4 ki jan pwofèt la rakonte l:
— Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l. 9Mwen #Rev 22.6 mande:
— Kisa chwal sa yo ye menm, mèt?
Zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen:
— Mwen pral fè ou wè sa yo ye.
10Nonm #Jòb 1.7; Eb 1.14 ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m konsa:
— Se moun Senyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè.
11Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l konsa:
— Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont.
12#Sòm 80.4; 102.13; Jer 25.11; 29.10,11; Rev 6.10 sa a, zanj Senyè a pran lapawòl, epi li di:
— Senyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo?
13Senyè a #Jer 29.11; Zak 8.2 reponn zanj ki t'ap pale avè m lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouray li. 14Lèfini, #Jowèl 2.18 zanj ki t'ap pale avè m lan di m:
— Men sa pou ou fè moun yo konnen: Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil. 15Men, #Eza 47.6 mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pat twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li. 16Se #Esd 6.14; Jer 31.39 poutèt sa, men sa Senyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati Tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa:
17Zanj #Eza 40.1; 51.3 lan di m:
— Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Senyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m pa m ankò.
Vizyon kòn yo
18 # 1.18—2.13: Koresponn ak chapit 2.1-17 nan tèks ebre a. Apre #1 Wa 22.11 sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m gade. Mwen wè kat kòn bèf. 19Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan:
— Kisa kòn sa yo ye, mèt?
Li reponn mwen:
— Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
20Apre sa, Senyè a fè m wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo. 21Mwen #Sòm 75.4,5 mande l:
— Kisa moun sa yo vin fè la a?
Li reponn mwen:
— Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.

Chwazi Kounye ya:

Zakari 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte