Kantik 7

7
Gason an:
1Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, #Sòm 45.13 negès mwen!
Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò.
Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!
2Lonbrit ou tankou yon bòl won
ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon.
Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble
ak bèl ti flè sou tout arebò li.
3Tete #Kan 4.4,5 ou doubout tankou de ti gazèl,
De ti gazèl marasa menm fòs.
4Kou ou tankou yon fò won fèt ak wòch mab.
Je ou tankou basen dlo nan lavil Esbon,
bò pòtay gwo lavil la.
Nen ou kanpe kou gwo fò peyi Liban
k'ap veye sou lavil Damas.
5Ou kenbe tèt ou drèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl.
Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena.
Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!
6Ala bèl ou bèl, mennaj mwen!
Ala dous ou dous, bèl negès mwen!
7Lè ou kanpe, ou ta di yon bèl pye palmis.
De tete ou, ou ta di de grèy grenn palmis.
8Mwen fè lide moute sou pye palmis la
pou m keyi grap yo.
Pou mwen, tete ou yo tankou de grap rezen.
Bouch ou gen sant ponm kajou!
9 # 7.9: Nou pa fin sèten sans vèsè sa a nan tèks ebre a. Anndan bouch ou, gen gou yon bon diven.
Kite diven an koule pou mennaj mwen,
Kite l koule nan bouch nou antan n'ap dòmi.
Fi a:
10Se #Sòm 45.11; Kan 2.16 pou mennaj mwen mwen ye!
Se mwen menm li anvi.
11Vini non, mennaj mwen! Ann al andeyò.
N'a pase nwit lan nan jaden yo.
12Nan #Kan 2.13,15; 6.11 maten, n'a va ale gade pye rezen yo
Nou v'al wè si yo tanmen boujonnen,
Si flè yo ap fleri,
si grenad yo ap fleri.
Se la nou va ale fè kont flè nou.
13Ou #Jen 30.14; Kan 4.13 ka pran sant ponmdamou #7.13: ponmdamou: Wè sa nou di pou mo sa a nan Jenèz 30.14. yo.
Devan papòt nou an gen tout kalite fwi,
Fwi ki fèk keyi ak fwi ki fèrenk mi.
Cheri mwen, se pou ou mwen sere yo.

Chwazi Kounye ya:

Kantik 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an