Kantik 2

2
1Se yon wòz mawon sou mòn Sawon mwen ye,
yon bèl ti flè nan yon basrak.
Gason an:
2Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan,
se konsa anmourèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.
Fi a:
3Tankou #Eza 32.2 yon pye kayimit nan mitan yon rakbwa,
se konsa mennaj mwen ye nan mitan tout jenn gason yo.
Mwen renmen chita anba lonbray li.
Fwi li gou nan bouch mwen.
4Li mennen m yon ti kote al bwè avè l.
Se pawòl damou ase l'ap glise nan zòrèy mwen.
5Li remoute kouray mwen ak pen rezen.
Li rafrechi gòj mwen ak ponm.
Mwen malad sitèlman mwen renmen!
6Li #Kan 8.3 pase men gòch li anba tèt mwen,
l'ap karese m ak men dwat li!
Gason an:
7Nou #Kan 3.5; 8.4 menm, medam lavil Jerizalèm,
Tanpri, tanpri souple!
Fè mwen sèman sou tèt gazèl bèf, Sou tèt fenmèl kabrit ki lage nan savann yo.
Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi.
Pa reveye li anvan lè.
Dezyèm chante
Fi a:
8Mwen tande vwa mennaj mwen!
Men l'ap vini. Li sòti sou mòn yo,
l'ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
9Mennaj mwen tankou yon kabrit,
tankou yon jenn ti kabrit.
Men li la dèyè miray kay la.
L'ap gade nan fennèt la,
l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
10Mennaj mwen pale avè m, li di m:
Vini non, anmourèz mwen!
Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
11Gade! Sezon fredi pase,
lapli sispann tonbe.
12Nan #Jer 8.7 tout jaden, flè yo louvri.
Se sezon ou tande chante toupatou.
Toutrèl gentan ap chante nan bwa.
13Fig #Kan 7.12; Mat 24.32 frans konmanse mi.
Nou ka pran sant flè pye rezen yo.
Vini non, anmourèz mwen!
Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
14Ti #Kan 8.13; Jer 48.28 toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo,
Anba gwo wòch byen wo yo.
Moutre m' ti figi ou non!
Fè m' tande vwa ou.
Ala bèl ou bèl!
Ala dous vwa ou dous!
Gason an ak fi a:
15Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo
anvan yo ravaje jaden rezen nou yo,
jaden rezen nou yo k'ap fleri.
Fi a:
16Mennaj #Kan 6.3 mwen, se pou mwen li ye!
Mwen menm, se pou li mwen ye!
L'ap fè mouton l yo manje nan mitan pye wòz yo.
17Anvan #Kan 4.6; Jer 6.4 labrin tonbe,
anvan solèy vin kouche,
kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen,
tankou yon kabrit,
tankou yon jenn ti kabrit
k'ap kouri sou mòn byen wo yo. #2.17: Mòn byen wo yo: Osinon Mòn Betè a.

Chwazi Kounye ya:

Kantik 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte