Rit 4:9-17

Rit 4:9-17 HAT98

Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: — Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon. An menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a. Chèf yo ak lòt moun yo di l: — Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. Se pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l. Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. Medam lavil yo di Nawomi konsa: — Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. Bèlfi ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou. Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li. Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.