Rit 4:9-17

Rit 4:9-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: — Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon. An menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a. Chèf yo ak lòt moun yo di l: — Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. Se pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l. Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. Medam lavil yo di Nawomi konsa: — Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. Bèlfi ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou. Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li. Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:9-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Booz dit aux anciens et à tous ceux qui sont là : « Aujourd’hui, vous êtes témoins : j’achète à Noémi tout ce qui était à Élimélek et à ses fils Kilion et Malon. Je prends aussi pour femme Ruth la Moabite, qui était la femme de Malon. Ainsi la propriété du champ restera dans la famille du mort. De plus, il aura des enfants. Ainsi, son nom gardera sa place parmi ses frères, et sa famille sera présente quand les affaires de son village seront discutées. Aujourd’hui, vous êtes témoins de cela. » Les anciens et tous ceux qui sont là répondent : « Oui, nous en sommes témoins ! Que le SEIGNEUR bénisse la femme qui entre dans ta maison ! Qu’elle ressemble à Rachel et à Léa, les deux femmes de Jacob qui ont donné naissance au peuple d’Israël ! Que tu sois riche dans le clan d’Éfrata, et que ton nom soit célèbre à Bethléem ! Que le SEIGNEUR te donne beaucoup d’enfants avec cette jeune femme ! Et que ta famille soit comme celle de Pérès, le fils de Juda et de Tamar ! » Alors Booz se marie avec Ruth, et Ruth devient sa femme. Il s’unit à elle. Le SEIGNEUR la bénit, elle devient enceinte et elle met au monde un garçon. C’est pourquoi les femmes disent à Noémi : « Remercions le SEIGNEUR ! Aujourd’hui, il te donne quelqu’un qui pourra prendre soin de toi. Ton petit-fils deviendra célèbre en Israël. Il va te faire revivre et te soutenir dans ta vieillesse. Ta belle-fille vaut mieux pour toi que sept fils, car elle t’aime et t’a donné ce petit-fils. » Alors Noémi prend l’enfant et elle le serre sur son cœur. Puis c’est elle qui s’occupe de lui. Les voisines disent : « Noémi a un fils ! » Elles lui donnent le nom d’Obed. Obed est le père de Jessé, qui est le père de David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:9-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Bowaz pran lapawòl, li di dis notab yo ak tout lòt moun ki te la yo: “Nou tout sèvi m temwen. Jodi a m achte nan men Nawomi pòsyon tè ki te pou Elimelèk la ak tout sa ki te pou pitit li yo Kilyon ak Malon. Anplis de sa, m ap tou pran Rit, dam Malon te mouri kite a, pou l vin madanm mwen. Konsa, non fanmi lan ak tout eritaj fanmi lan ap kontinye pwolonje epi tout moun nan vil la ap toujou sonje defen yo. Mwen pran nou tout pou temwen m jodi a!” Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou. Se pou SENYÈ a fè Rit ba ou anpil pitit, menm jan ak lakay Perèz, Pitit gason Tama te fè pou Jida a.” Apre sa, Bowaz marye ak Rit. Apre Bowaz te fin viv ansanm ak Rit kòm mesye ak madanm, SENYÈ a te fè Rit vin ansent epi li te fè yon pitit gason pou Bowaz. Medam yo nan vil la te di Nawomi konsa: “Beni non SENYÈ a pou pitit gason sa a li ba ou a. Se pou tout moun nan peyi Izrayèl tande pale de li. Pitit gason sa a gen pou l ankouraje w epi l ap pran swen w lè w vin granmoun nèt. Li se pitit gason bèlfi w la te fè pou ou a. Rit renmen w anpil. Epi li fè plis pou ou pase sa menm sèt pitit gason ta ka fè.” Nawomi pran ti pitit la, li mete l sou janm li. Se li menm ki te tou sèvi kòm gadò ti pitit la. Medam zanmi Nawomi yo bay ti gason an non. Yo di, “Kounye a SENYÈ a bay Nawomi yon pitit gason.” Yo te rele pitit la Obèd. Se Obèd ki te vin papa Jese et Jese limenm te papa David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:9-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors Booz déclara aux responsables et à tous ceux qui étaient là : Vous êtes témoins aujourd’hui que j’ai acquis de la main de Noémi tout ce qui appartenait à Elimélek et tout ce qui était à Kilyôn et à Mahlôn. De ce fait, je prends aussi pour femme Ruth la Moabite, la veuve de Mahlôn, pour susciter au défunt une descendance qui recevra son héritage et pour que son nom ne disparaisse pas dans son lignage et dans sa ville natale. Vous en êtes témoins aujourd’hui. Alors tous ceux qui se trouvaient à la porte et tous les responsables dirent : Oui : nous en sommes témoins ! Que l’Eternel rende la femme qui entre dans ta famille semblable à Rachel et à Léa qui, à elles deux, ont donné naissance à tout le peuple d’Israël ! Puisses-tu toi-même prospérer à Ephrata et devenir célèbre à Bethléhem ! Que l’Eternel t’accorde, par cette jeune femme, une descendance aussi nombreuse que celle de Pérets, le fils que Tamar a donné à Juda. C’est ainsi que Booz prit Ruth pour femme. Lorsqu’il se fut uni à elle, l’Eternel accorda à Ruth de devenir enceinte, et elle donna naissance à un fils. Les femmes de Bethléhem dirent à Noémi : Béni soit l’Eternel qui ne t’a pas privée d’un soutien de famille ! Que son nom devienne célèbre en Israël ! Il te rendra une raison de vivre et prendra soin de toi dans tes vieux jours, puisque c’est ta belle-fille qui t’aime qui t’a donné ce petit-fils. Elle vaut mieux pour toi que sept fils. Noémi prit le nouveau-né et le serra sur son cœur. C’est elle qui se chargea de l’élever. Les voisines s’écrièrent : Noémi a eu un fils ! Et elles lui donnèrent le nom d’Obed. Obed fut le père d’Isaï et le grand-père de David.

Pataje
Li Rit 4