Rit 4:1-22

Rit 4:1-22 HAT98

Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l, li di l: — Entèl, vini m pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita. Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita, li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: — Nawomi tounen sòti nan peyi Mowab. Kounyeya, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an. Mwen kwè se devwa mwen pou m'fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di sa devan dis mesye chèf ki chita la yo. Paske se ou menm anpremye lalwa rekonnèt dwa sa a. Konsa tou si ou pa vle, ou mèt di sa. Paske, apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di li: — M'ap achte li. Lè sa a Bòz reponn li: — Bon! Mwen byen kontan. Men si ou achte jaden an nan men Nawomi, ou dwe pran Rit tou pou madanm ou, dam peyi Mowab la, vèv pitit Elimelèk la. Konsa non defen an p'ap pèdi epi tè a va rete nan fanmi an. Lè sa a, nonm lan reponn: — Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m achte l, pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò. Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gendwa a wete yon grenn sapat nan pye l, li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt. Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l, li lonje l bay Bòz. Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: — Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon. An menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a. Chèf yo ak lòt moun yo di l: — Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. Se pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l. Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. Medam lavil yo di Nawomi konsa: — Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. Bèlfi ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou. Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li. Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David. Men non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon, Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad, Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon, Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an