Rit 4:1-22

Rit 4:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l, li di l: — Entèl, vini m pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita. Bòz fè rele dis nan chèf fanmi lavil la, li fè yo chita la tou. Lè yo fin chita, li di nonm ki te fanmi pre Elimelèk la: — Nawomi tounen sòti nan peyi Mowab. Kounyeya, li ta vle vann jaden ki te pou Elimelèk, fanmi nou an. Mwen kwè se devwa mwen pou m'fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di sa devan dis mesye chèf ki chita la yo. Paske se ou menm anpremye lalwa rekonnèt dwa sa a. Konsa tou si ou pa vle, ou mèt di sa. Paske, apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di li: — M'ap achte li. Lè sa a Bòz reponn li: — Bon! Mwen byen kontan. Men si ou achte jaden an nan men Nawomi, ou dwe pran Rit tou pou madanm ou, dam peyi Mowab la, vèv pitit Elimelèk la. Konsa non defen an p'ap pèdi epi tè a va rete nan fanmi an. Lè sa a, nonm lan reponn: — Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m achte l, pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò. Nan tan sa a, nan peyi Izrayèl, lè yon moun pase dwa li genyen pou achte osinon pou twoke yon tè bay yon lòt moun, men sa yo te konn fè: Moun ki te gendwa a wete yon grenn sapat nan pye l, li bay lòt moun lan li. Se konsa moun Izrayèl yo te konn fè tout moun konnen zafè a te regle nèt. Se poutèt sa, lè nonm lan di Bòz ou mèt achte tè a, li wete yon grenn sapat nan pye l, li lonje l bay Bòz. Lè sa a, Bòz di chèf fanmi yo ak lòt moun yo ki te la a: — Nou tout nou temwen, pa vre! Jòdi a, yo ban m dwa achte nan men Nawomi tou sa ki te pou Elimelèk ak de pitit gason l yo, Maklon ak Kiljon. An menm tan tou, yo ban m dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi nonplis nan lavil la. N'a sèvi m temwen pou sa ki rive jòdi a. Chèf yo ak lòt moun yo di l: — Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm. Se pou pitit Senyè a va ba ou ak jenn fanm sa a fè lonè fanmi an, menm jan Perèz, pitit gason Jida ak Tama a, te fè l pou fanmi l. Se konsa, Bòz pran Rit pou madanm li. Senyè a te beni Rit. Rit vin ansent, li fè yon pitit gason. Medam lavil yo di Nawomi konsa: — Lwanj pou Senyè a! Jòdi a li ba ou yon pitit gason ki pral pran swen ou. N'ap lapriyè pou ti gason sa a kite non l nan peyi Izrayèl la. Bèlfi ou la gentan renmen ou. Li fè pou ou sa sèt pitit gason pa ta ka fè. Kounyeya, li ba ou yon pitit pitit ki pral fè ou anvi viv ankò, yon pitit gason ki pral tounen baton vyeyès ou. Nawomi pran ti bebe a, li kenbe l lakay li, li pran swen li tankou pitit li. Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David. Men non zansèt David yo depi Perèz: Perèz te papa Ezwon, Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadad, Aminadad te papa Nachon. Nachon te papa Salmon, Salmon te papa Bòz. Bòz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi, epi Izayi te papa David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Booz va à l’entrée du village, là où on discute des affaires. Il s’assoit. Booz a parlé à Ruth d’un parent très proche d’Élimélek. Cet homme passe justement par là. Booz lui dit : « Arrête-toi ! Viens t’asseoir ici. » L’homme s’arrête et il s’assoit. Alors Booz demande à dix anciens du village de s’asseoir avec eux. Ils s’assoient. Ensuite, Booz dit à cet autre parent d’Élimélek : « Noémi est revenue du pays de Moab, tu le sais. Eh bien, elle va vendre le champ qui était à notre frère Élimélek. Moi, j’ai décidé de t’en parler devant les anciens et devant tous ceux qui sont là. Si tu veux racheter ce champ, rachète-le. Si tu ne veux pas, dis-le-moi. En effet, c’est toi le premier qui as le droit de racheter, et moi le deuxième. » L’homme dit : « Je veux bien racheter le champ. » Booz dit : « Si tu achètes le champ à Noémi, tu dois aussi prendre pour femme Ruth la Moabite. Ainsi, la propriété du champ restera dans la famille de son mari mort . » L’homme répond : « Dans ce cas, je ne peux pas. En effet, je risque de diminuer ma propriété. Donc, prends pour toi le droit de racheter. Moi, je ne peux pas. » Autrefois, en Israël, quand des hommes achetaient ou échangeaient quelque chose, l’un des deux enlevait sa sandale et il la donnait à l’autre. Ce geste montrait que l’affaire était réglée. Donc, celui qui a le droit de racheter le champ d’Élimélek dit à Booz : « Achète le champ. » Puis il enlève sa sandale. Booz dit aux anciens et à tous ceux qui sont là : « Aujourd’hui, vous êtes témoins : j’achète à Noémi tout ce qui était à Élimélek et à ses fils Kilion et Malon. Je prends aussi pour femme Ruth la Moabite, qui était la femme de Malon. Ainsi la propriété du champ restera dans la famille du mort. De plus, il aura des enfants. Ainsi, son nom gardera sa place parmi ses frères, et sa famille sera présente quand les affaires de son village seront discutées. Aujourd’hui, vous êtes témoins de cela. » Les anciens et tous ceux qui sont là répondent : « Oui, nous en sommes témoins ! Que le SEIGNEUR bénisse la femme qui entre dans ta maison ! Qu’elle ressemble à Rachel et à Léa, les deux femmes de Jacob qui ont donné naissance au peuple d’Israël ! Que tu sois riche dans le clan d’Éfrata, et que ton nom soit célèbre à Bethléem ! Que le SEIGNEUR te donne beaucoup d’enfants avec cette jeune femme ! Et que ta famille soit comme celle de Pérès, le fils de Juda et de Tamar ! » Alors Booz se marie avec Ruth, et Ruth devient sa femme. Il s’unit à elle. Le SEIGNEUR la bénit, elle devient enceinte et elle met au monde un garçon. C’est pourquoi les femmes disent à Noémi : « Remercions le SEIGNEUR ! Aujourd’hui, il te donne quelqu’un qui pourra prendre soin de toi. Ton petit-fils deviendra célèbre en Israël. Il va te faire revivre et te soutenir dans ta vieillesse. Ta belle-fille vaut mieux pour toi que sept fils, car elle t’aime et t’a donné ce petit-fils. » Alors Noémi prend l’enfant et elle le serre sur son cœur. Puis c’est elle qui s’occupe de lui. Les voisines disent : « Noémi a un fils ! » Elles lui donnent le nom d’Obed. Obed est le père de Jessé, qui est le père de David. Voici la liste des ancêtres de David, à partir de Pérès : Pérès est le père de Hesron. Hesron est le père de Ram. Ram est le père d’Amminadab. Amminadab est le père de Nachon. Nachon est le père de Salman. Salman est le père de Booz. Booz est le père d’Obed. Obed est le père de Jessé, et Jessé est le père de David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Bowaz ale nan antre vil la, kote lidè vil la yo te konn reyini epi li chita. Lè manm fanmi ki pi pwòch Elimelèk la, sa Bowaz t ap pale Rit la, te vin parèt, Bowaz di l: “Avanse non zanmi m, vin chita.” Konsa, mesye a avanse epi li chita. Bowaz te reyini dis nan notab lavil la epi li mande yo pou yo chita. Yo tout te chita la. Apre sa, Bowaz di mesye ki pi pwòch fanmi Elimelèk la kon sa: “Nawomi, te retounen soti nan peyi Mowab. Kounye a l ap vann pòsyon tè ki te pou Elimelèk, frè nou an. Mwen deside fè ou konnen sa devan tout moun ak tout lidè ki chita la yo pou si ou vle achte l. Si ou ap pran l, fè sa. Si ou p ap fè l, di m sa pou m ka konnen paske se ou ki premye moun ki gen dwa sa a; se apre w mwen vini. Mesye a te reponn wi m ap achte l.” Lè sa a, Bowaz di l: “Si ou achte pòsyon tè a nan men Nawomi, ou ap oblije marye ak Rit tou, dam peyi Mowab la, defen an te mouri kite a. Konsa pitit gason ki pral fèt ak Rit la ka vin eritye papa l epi tè a ap toujou rete nan fanmi defen an.” Lè sa a, nonm ki te fanmi pwòch Elimelèk la di Bowaz: “M p ap pran l ankò, m pa vle kreye pwoblèm pou byen pa m yo. M ba ou dwa pa m nan, ou mèt achte tè a.” Te gen yon koutim nan peyi Izrayèl lè sa a, lè moun ap pran angajman konsènan yon pwopriyete, youn retire sandal li, li bay lòt la l. Yo te konn fè l konsa, se te yon fason pou siyen anba angajman an. Konsa, apre lòt pwotektè a fin di Bowaz: “Ou mèt achte l ou menm,” li te retire sandal li bay Bowaz. Bowaz pran lapawòl, li di dis notab yo ak tout lòt moun ki te la yo: “Nou tout sèvi m temwen. Jodi a m achte nan men Nawomi pòsyon tè ki te pou Elimelèk la ak tout sa ki te pou pitit li yo Kilyon ak Malon. Anplis de sa, m ap tou pran Rit, dam Malon te mouri kite a, pou l vin madanm mwen. Konsa, non fanmi lan ak tout eritaj fanmi lan ap kontinye pwolonje epi tout moun nan vil la ap toujou sonje defen yo. Mwen pran nou tout pou temwen m jodi a!” Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou. Se pou SENYÈ a fè Rit ba ou anpil pitit, menm jan ak lakay Perèz, Pitit gason Tama te fè pou Jida a.” Apre sa, Bowaz marye ak Rit. Apre Bowaz te fin viv ansanm ak Rit kòm mesye ak madanm, SENYÈ a te fè Rit vin ansent epi li te fè yon pitit gason pou Bowaz. Medam yo nan vil la te di Nawomi konsa: “Beni non SENYÈ a pou pitit gason sa a li ba ou a. Se pou tout moun nan peyi Izrayèl tande pale de li. Pitit gason sa a gen pou l ankouraje w epi l ap pran swen w lè w vin granmoun nèt. Li se pitit gason bèlfi w la te fè pou ou a. Rit renmen w anpil. Epi li fè plis pou ou pase sa menm sèt pitit gason ta ka fè.” Nawomi pran ti pitit la, li mete l sou janm li. Se li menm ki te tou sèvi kòm gadò ti pitit la. Medam zanmi Nawomi yo bay ti gason an non. Yo di, “Kounye a SENYÈ a bay Nawomi yon pitit gason.” Yo te rele pitit la Obèd. Se Obèd ki te vin papa Jese et Jese limenm te papa David. Men lis moun ki te soti nan fanmi Perèz: Perèz se te papa Ezwon. Ezwon te papa Ram. Ram te papa Aminadab. Aminadab te papa Nason. Nason te papa Salmon. Salmon te papa Bowaz. Bowaz te papa Obèd. Obèd te papa Jese. Jese te papa David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:1-22 New International Version (NIV)

Meanwhile Boaz went up to the town gate and sat down there just as the guardian-redeemer he had mentioned came along. Boaz said, “Come over here, my friend, and sit down.” So he went over and sat down. Boaz took ten of the elders of the town and said, “Sit here,” and they did so. Then he said to the guardian-redeemer, “Naomi, who has come back from Moab, is selling the piece of land that belonged to our relative Elimelek. I thought I should bring the matter to your attention and suggest that you buy it in the presence of these seated here and in the presence of the elders of my people. If you will redeem it, do so. But if you will not, tell me, so I will know. For no one has the right to do it except you, and I am next in line.” “I will redeem it,” he said. Then Boaz said, “On the day you buy the land from Naomi, you also acquire Ruth the Moabite, the dead man’s widow, in order to maintain the name of the dead with his property.” At this, the guardian-redeemer said, “Then I cannot redeem it because I might endanger my own estate. You redeem it yourself. I cannot do it.” (Now in earlier times in Israel, for the redemption and transfer of property to become final, one party took off his sandal and gave it to the other. This was the method of legalizing transactions in Israel.) So the guardian-redeemer said to Boaz, “Buy it yourself.” And he removed his sandal. Then Boaz announced to the elders and all the people, “Today you are witnesses that I have bought from Naomi all the property of Elimelek, Kilion and Mahlon. I have also acquired Ruth the Moabite, Mahlon’s widow, as my wife, in order to maintain the name of the dead with his property, so that his name will not disappear from among his family or from his hometown. Today you are witnesses!” Then the elders and all the people at the gate said, “We are witnesses. May the LORD make the woman who is coming into your home like Rachel and Leah, who together built up the family of Israel. May you have standing in Ephrathah and be famous in Bethlehem. Through the offspring the LORD gives you by this young woman, may your family be like that of Perez, whom Tamar bore to Judah.” So Boaz took Ruth and she became his wife. When he made love to her, the LORD enabled her to conceive, and she gave birth to a son. The women said to Naomi: “Praise be to the LORD, who this day has not left you without a guardian-redeemer. May he become famous throughout Israel! He will renew your life and sustain you in your old age. For your daughter-in-law, who loves you and who is better to you than seven sons, has given him birth.” Then Naomi took the child in her arms and cared for him. The women living there said, “Naomi has a son!” And they named him Obed. He was the father of Jesse, the father of David. This, then, is the family line of Perez: Perez was the father of Hezron, Hezron the father of Ram, Ram the father of Amminadab, Amminadab the father of Nahshon, Nahshon the father of Salmon, Salmon the father of Boaz, Boaz the father of Obed, Obed the father of Jesse, and Jesse the father of David.

Pataje
Li Rit 4

Rit 4:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Booz se rendit à la porte de la ville, et il y prit place. Quand le plus proche parent, dont il avait parlé et qui avait le devoir de s’occuper de Ruth vint à passer, Booz lui dit : Un tel ! Viens donc t’asseoir ici ! L’homme s’approcha et s’assit. Booz fit approcher dix hommes parmi les responsables de la ville et leur demanda de s’asseoir avec eux. Lorsqu’ils se furent installés, il s’adressa ainsi au plus proche parent : Noémi, qui est revenue du pays de Moab, met en vente le champ d’Elimélek, notre parent. J’ai pensé t’en informer et te proposer de le racheter par-devant les habitants de la ville et les responsables de mon peuple ici présents. Si tu veux exercer ton droit de rachat, fais-le. Sinon, déclare-le-moi, que je le sache, car tu viens en premier lieu pour disposer du droit de rachat, et je viens directement après toi. L’homme lui répondit : Oui, je veux le racheter. Booz poursuivit : Si tu acquiers le champ de la main de Noémi, tu prendras pour femme Ruth la Moabite, la veuve du défunt, pour donner au défunt une descendance qui héritera de son patrimoine. – Dans ces conditions, dit le plus proche parent, je ne peux pas racheter pour mon compte, car je ferais tort à mon propre patrimoine. Reprends donc à ton compte mon droit de rachat, car je ne puis en profiter moi-même. Autrefois, en Israël, lorsqu’on procédait à un rachat ou à un échange de biens, la coutume voulait que l’un des contractants ôte sa sandale et la donne à l’autre pour valider la transaction. Ainsi, l’homme qui avait le droit de rachat dit à Booz : « Acquiers le champ », et il retira sa sandale. Alors Booz déclara aux responsables et à tous ceux qui étaient là : Vous êtes témoins aujourd’hui que j’ai acquis de la main de Noémi tout ce qui appartenait à Elimélek et tout ce qui était à Kilyôn et à Mahlôn. De ce fait, je prends aussi pour femme Ruth la Moabite, la veuve de Mahlôn, pour susciter au défunt une descendance qui recevra son héritage et pour que son nom ne disparaisse pas dans son lignage et dans sa ville natale. Vous en êtes témoins aujourd’hui. Alors tous ceux qui se trouvaient à la porte et tous les responsables dirent : Oui : nous en sommes témoins ! Que l’Eternel rende la femme qui entre dans ta famille semblable à Rachel et à Léa qui, à elles deux, ont donné naissance à tout le peuple d’Israël ! Puisses-tu toi-même prospérer à Ephrata et devenir célèbre à Bethléhem ! Que l’Eternel t’accorde, par cette jeune femme, une descendance aussi nombreuse que celle de Pérets, le fils que Tamar a donné à Juda. C’est ainsi que Booz prit Ruth pour femme. Lorsqu’il se fut uni à elle, l’Eternel accorda à Ruth de devenir enceinte, et elle donna naissance à un fils. Les femmes de Bethléhem dirent à Noémi : Béni soit l’Eternel qui ne t’a pas privée d’un soutien de famille ! Que son nom devienne célèbre en Israël ! Il te rendra une raison de vivre et prendra soin de toi dans tes vieux jours, puisque c’est ta belle-fille qui t’aime qui t’a donné ce petit-fils. Elle vaut mieux pour toi que sept fils. Noémi prit le nouveau-né et le serra sur son cœur. C’est elle qui se chargea de l’élever. Les voisines s’écrièrent : Noémi a eu un fils ! Et elles lui donnèrent le nom d’Obed. Obed fut le père d’Isaï et le grand-père de David. Voici la liste généalogique de Pérets : Pérets eut pour fils Hetsrôn, qui eut pour fils Ram, qui eut pour fils Amminadab, qui eut pour fils Nahshôn, qui eut pour fils Salma, qui eut pour fils Booz, qui eut pour fils Obed, qui eut pour fils Isaï, qui eut pour fils David.

Pataje
Li Rit 4