Rit 2:4-12

Rit 2:4-12 HAT98

Li te la depi kèk tan lè Bòz rive sòti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: — Senyè a avèk nou! Yo reponn li: — Benediksyon Senyè a avè ou tou! Bòz mande kontwolè a: — Ki jenn ti madanm sa a? Nonm lan reponn: — Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Nawomi lè li te tounen sòti nan peyi Mowab. Li te mande m pou m kite l mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l la a depi maten. Li fenk sispann pou l pran yon ti repo anba tonnèl lan la a. Lè sa a, Bòz di Rit konsa: — M'ap ba ou yon ti konsèy, tande, mafi. Ou pa bezwen ale nan lòt jaden pou ranmase tèt lòj. Ou mèt rete nan jaden sa a, bò medam yo ki isit la. Gade tout kote y'ap travay nan jaden an, fè dèyè yo, rete ak yo. Mwen bay mesye yo lòd pou yo pa anbete ou. Chak fwa ou swaf, ou mèt al pran dlo pi mesye yo plen krich yo. Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l konsa: — Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou? Bòz reponn li: — Yo di mwen tou sa ou fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun, epi ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa te janm konnen anvan sa. Mwen ande Senyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi, ou vini mete ou anba zèl li pou li pwoteje ou. Se pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an